1 Chronicles 10:12
tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,
Cross References
Genesis 50:10Lè yo rive nan glasi Atad ki lòt bò larivyè Jouden, kote sòlèy leve a, yo pran rele byen fò. Jozèf te fè yo fè sèvis la pandan sèt jou pou papa l'.
1 Samuel 11:9Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabès yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil.
2 Samuel 21:12David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.)