1 Chronicles 11:20
Abichayi, frè Joab, te chèf trant vanyan yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan (0300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant vanyan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 2:18Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.
2 Samuel 18:2Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo: -Mwen prale avè nou tou.
2 Samuel 21:17Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou.
1 Chronicles 2:16De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl.