1 Chronicles 12:1
Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 27:2David leve ansanm ak sisan (0600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.
2 Samuel 1:1Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou.
2 Samuel 4:10lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a.
1 Chronicles 9:39Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.
1 Chronicles 11:19Li di konsa: -Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y' al chache l'. Se konsa, li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan gason sa yo te fè.