1 Chronicles 15:12
Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 9:34Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm.
1 Chronicles 15:3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
1 Chronicles 16:1Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
2 Chronicles 1:2Wa Salomon fè rele tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvènman an ak tout chèf fanmi yo.
2 Chronicles 5:2Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.
2 Chronicles 29:4Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan.