1 Chronicles 15:18
Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik.
Cross References
2 Samuel 6:10Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèdedon, yon moun lavil Gat.
1 Chronicles 16:5Li mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fè gwo bri yo.
1 Chronicles 16:38Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.
1 Chronicles 25:2Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.
1 Chronicles 26:4Te gen Obèd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyèm lan, Joa twazyèm lan, Saka katriyèm lan, Netaneyèl senkyèm lan.
1 Chronicles 26:15Pòtay sid la soti pou Obèd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo.