1 Chronicles 15:19
Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik.
Bib La
In The King James Version
So the singers, Heman, Asaph, and Ethan, were appointed to sound with cymbals of brass;
In Context
20Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Maseja ak Benaja t'ap jwe premye gita yo.
Cross References
1 Chronicles 15:16David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.
1 Chronicles 16:42Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo.
1 Chronicles 25:6Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.
2 Chronicles 20:19Moun Levi branch fanmi Keyat yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Kore yo leve kanpe, yo pran fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, byen fò.
Psalms 150:5Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!