1 Chronicles 15:25
Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a.
Cross References
Deuteronomy 1:15Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.
Deuteronomy 12:18Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 16:15Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.
1 Samuel 10:19Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.
2 Samuel 6:12Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.
1 Chronicles 13:11David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a.