1 Chronicles 16:35
Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
34Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.
Cross References
Deuteronomy 30:3enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
Psalms 14:7Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
Psalms 53:6(053:7) Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.
Psalms 105:45pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!
Isaiah 43:21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.
1 Corinthians 1:31Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.