1 Chronicles 16:40
Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 9:17Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.
1 Kings 18:29Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
2 Chronicles 31:3Apre sa, li pran nan bèt ki pou li yo li bay pou yo boule nèt pou Seyè a chak maten, chak aswè, pou ofrann jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl ak pou lòt gwo jou fèt yo, jan sa ekri nan Lalwa Seyè a.
Ezekiel 46:13Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.
Amos 4:4Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou!