1 Chronicles 17:11
Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
Cross References
Deuteronomy 31:16Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.
2 Samuel 12:24Apre sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l', Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l' Salomon. Seyè a te renmen ti gason sa a.
1 Kings 2:10Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.
1 Kings 8:20Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
1 Chronicles 29:15Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.
2 Chronicles 6:9Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati tanp lan pou mwen.