1 Chronicles 18:1
Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, nan men moun Filisti yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè.
Cross References
1 Samuel 7:14Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pa t' gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo.
2 Samuel 1:20Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad. Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon, pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt, pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.
2 Samuel 8:8Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Beta ak lavil Bewotayi, ki te pou Adadezè.