1 Chronicles 21:13
David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 6:15Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: —Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?
2 Chronicles 28:9Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.
Esther 4:16-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.
Psalms 51:1(051:1) Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a (051:2) lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. (051:3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
Psalms 69:16(069:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
Psalms 86:15Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!