1 Chronicles 22:12
Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:6Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
2 Chronicles 1:10Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m' ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l'.
Psalms 119:34Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.
Proverbs 14:8Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.
James 1:5Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.