1 Chronicles 22:5
David t'ap di nan kè l': Salomon, pitit gason m' lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l' bati pou Seyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m' pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Pou bwa sèd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fè David jwenn sa an kantite.
Cross References
Deuteronomy 31:2-Koulye a, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m' fè anyen ankò. Lèfini, Seyè a te tou di m' mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an.
1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
2 Chronicles 2:4Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.
2 Chronicles 2:8W'a voye ban mwen madriye sèd, bwapen ak bwa koray ki soti nan peyi Liban. Paske mwen konnen moun peyi ou yo konn pare bwa sa yo byen. M'a voye moun pa m' ede pa ou yo
2 Chronicles 13:7Apre sa, yon bann vòryen ak yon bann vakabon al mete tèt yo ansanm ak li, yo fòse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fè l' fè sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tèt fèb. Li pa t' ka kenbe tèt ak yo.
Ecclesiastes 9:10Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.