1 Chronicles 29:28
Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:8Abraram te fin granmoun, li te wè kont jou l', li te pase vye jou l' yo san pwoblèm. Apre sa li mouri, li al jwenn moun li yo ki te mouri deja.
1 Kings 1:30Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.
1 Chronicles 28:5Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.
2 Chronicles 32:27Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l'. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l' yo.
Job 5:26Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.
Proverbs 16:31Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.