1 Corinthians 1:13
Nan kondisyon sa a, Kris la gen lè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize nou?
Bib La
In The King James Version
Is Christ divided? was Paul crucified for you? or were ye baptized in the name of Paul?
In Context
14Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pa t' batize nou yonn, an wetan Krispis ak Gayis.
Cross References
Acts 2:38Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Acts 10:48Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo.
Romans 14:9Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
1 Corinthians 6:19Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.
2 Corinthians 5:14Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
Galatians 1:7Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.