1 Corinthians 1:17
Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 4:2(Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.)
Acts 26:17M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo,
1 Corinthians 2:4Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.
2 Corinthians 4:2Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
2 Corinthians 10:10Gen moun ki di: Lè Pòl ap ekri nou, li rèd konsa, li sevè. Men, lè li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale.
2 Peter 1:16Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen.