1 Corinthians 1:20
Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 15:31Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
2 Samuel 17:14Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.
Job 12:17Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
Job 12:24Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.
Isaiah 33:18Lè sa a, n'a chonje sa ki te konn fè nou pè a. Nan kè nou, n'a mande: Kote prepoze kontribisyon yo? Kote kontwòlè mache yo? Kote moun ki t'ap mache enspekte fò yo?
Isaiah 53:1Pèp la va reponn: -Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?