1 Corinthians 1:23
Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou.
Bib La
In The King James Version
But we preach Christ crucified, unto the Jews a stumblingblock, and unto the Greeks foolishness;
In Context
22Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann.
Cross References
Matthew 11:6Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.
Luke 2:34Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li.
John 6:53Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.
Acts 10:39Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l', yo te kloure l' sou kwa a.
1 Corinthians 1:18Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.
1 Corinthians 2:2Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.