1 Corinthians 1:24
Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 8:1Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande.
Luke 7:35Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon.
Romans 1:4Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.
Romans 8:28Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.
1 Corinthians 1:2pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou.
1 Corinthians 1:18Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.