1 Corinthians 1:27
Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:30Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: -Non!
Isaiah 26:5Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè.
Isaiah 29:19Seyè a va fè tipitit yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.
Matthew 4:18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
Luke 19:39Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non.