1 Corinthians 1:30
Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.
Cross References
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Proverbs 2:6Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Isaiah 54:17Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!
Jeremiah 33:16Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an.
Daniel 9:24Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.