1 Corinthians 1:6
Bon Nouvèl ki pale sou Kris la fin pran rasin nèt nan mitan nou.
Bib La
In The King James Version
Even as the testimony of Christ was confirmed in you:
In Context
Cross References
Mark 16:20Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.
Acts 11:21Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye.
Acts 20:21Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
Acts 22:18Mwen wè Seyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an.
Acts 28:23Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.
1 Corinthians 2:1Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.