1 Corinthians 10:1
Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm.
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Exodus 14:29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.
Numbers 9:15Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.
Numbers 14:14Lè moun pèyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nwaj ou, Granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fòm yon poto tou.
Deuteronomy 1:33li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.
Nehemiah 9:11Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.