1 Corinthians 10:13
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
14Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.
Cross References
Exodus 3:17Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
1 Samuel 29:10Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou.
Psalms 89:33(089:34) Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.
Psalms 125:3Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.
Isaiah 25:1Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la.
Jeremiah 12:5Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?