1 Corinthians 10:24
Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.
Bib La
In The King James Version
Let no man seek his own, but every man another’s wealth.
In Context
Cross References
Romans 15:1Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
1 Corinthians 10:33Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
2 Corinthians 12:14Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit.
Philippians 2:21Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.