1 Corinthians 10:32
Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.
Bib La
In The King James Version
Give none offence, neither to the Jews, nor to the Gentiles, nor to the church of God:
In Context
Cross References
Ruth 3:14Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la.
Acts 24:16Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.
1 Corinthians 8:13Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.
1 Corinthians 11:22Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
Philippians 1:10pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.
1 Timothy 3:15Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.