1 Corinthians 10:7
Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:6Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.
Exodus 32:19Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.
Deuteronomy 9:16Lè mwen wè nou te gen tan dezobeyi Seyè a, Bondye nou an, nou te gen tan kite chemen Seyè a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fè estati yon ti towo,
1 Corinthians 5:11Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.
1 Corinthians 8:7Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a.
1 Corinthians 14:20Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay.