1 Corinthians 11:18
Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Corinthians 1:10Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.
1 Corinthians 5:1Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.