1 Corinthians 11:2
Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.
Cross References
Luke 1:6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.
1 Corinthians 7:17Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
1 Corinthians 11:22Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
1 Thessalonians 3:6Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou.
2 Thessalonians 2:15Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.