The Bible Software
bible.software › 1 Corinthians › 1 Corinthians 12 › 1 Corinthians 12:13

1 Corinthians 12:13

Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.

Bib La

In The King James Version

For by one Spirit are we all baptized into one body, whether we be Jews or Gentiles, whether we be bond or free; and have been all made to drink into one Spirit.

In Context

12Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.

14Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.

Read all of 1 Corinthians 12

Cross References

Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.

Isaiah 55:1Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!

Zechariah 9:15Seyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a. Yo pral kraze zam lènmi yo anba pye yo. Pandan batay la, yo pral rele tankou moun sou. Yo pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.

Luke 3:16Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.

John 1:33Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.

John 4:10Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Corinthians 12:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Corinthians 12:121 Corinthians 121 Corinthians 12:14 →