1 Corinthians 12:18
Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle.
Bib La
In The King James Version
But now hath God set the members every one of them in the body, as it hath pleased him.
In Context
17Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant?
19Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm.
Cross References
Psalms 135:6Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.
Jonah 1:14Lè yo wè sa, yo rele nan pye Seyè a, yo lapriyè l' konsa: -O Seyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon moun ki inonsan. Paske, se ou menm, Seyè, ki vle l' konsa.
Luke 12:32Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a.
1 Corinthians 3:5Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.
1 Corinthians 12:24Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo.
1 Corinthians 15:38Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo.