1 Corinthians 12:2
Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale.
Bib La
In The King James Version
Ye know that ye were Gentiles, carried away unto these dumb idols, even as ye were led.
In Context
Cross References
Psalms 115:7Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.
Isaiah 46:7Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.
Habakkuk 2:18Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?
1 Corinthians 6:11Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
Ephesians 2:11Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan.
1 Thessalonians 1:9Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.