1 Corinthians 12:3
Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
Cross References
Deuteronomy 21:23pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.
Matthew 16:16Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
Mark 9:39Jezi reponn li: -Kite l' non. Paske yon moun ki pran non m' pou fè mirak pa kapab pale m' mal apre sa.
John 15:26Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen.
Acts 8:37Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.
Romans 10:9Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.