1 Corinthians 12:7
Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun.
Bib La
In The King James Version
But the manifestation of the Spirit is given to every man to profit withal.
In Context
Cross References
Matthew 25:14Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.
1 Corinthians 14:5Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.
1 Corinthians 14:17Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite.
1 Corinthians 14:22Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la.
1 Peter 4:10Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.