1 Corinthians 13:5
Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè.
Bib La
In The King James Version
Doth not behave itself unseemly, seeketh not her own, is not easily provoked, thinketh no evil;
In Context
6Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre.
Cross References
Numbers 12:3Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.
Numbers 20:10Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou?
2 Samuel 10:3chèf moun Amon yo di wa Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.
Psalms 106:32Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
Isaiah 3:5Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.
Jeremiah 18:18Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.