1 Corinthians 13:9
Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt.
Bib La
In The King James Version
For we know in part, and we prophesy in part.
In Context
10Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt.
Cross References
Job 11:7Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Psalms 40:5(040:6) Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
Proverbs 30:4Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
Romans 11:34Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?
1 Corinthians 8:2Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an.
Ephesians 3:8Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.