1 Corinthians 14:5
Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:28Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!
1 Corinthians 12:10Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di.
1 Corinthians 13:1Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen.
1 Corinthians 14:1Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesaj ki soti nan Bondye yo.
1 Corinthians 14:12Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki soti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n' chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans.