The Bible Software
bible.software › 1 Corinthians › 1 Corinthians 14 › 1 Corinthians 14:6

1 Corinthians 14:6

M'ap mande nou kichòy, frè m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou.

Bib La

In The King James Version

Now, brethren, if I come unto you speaking with tongues, what shall I profit you, except I shall speak to you either by revelation, or by knowledge, or by prophesying, or by doctrine?

In Context

5Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.

7Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè?

Read all of 1 Corinthians 14

Cross References

1 Samuel 12:21Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.

Jeremiah 23:32Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.

Matthew 16:17Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.

Acts 2:42Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.

Romans 15:14Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.

1 Corinthians 10:33Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Corinthians 14:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Corinthians 14:51 Corinthians 141 Corinthians 14:7 →