1 Corinthians 15:32
Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.
Cross References
Psalms 73:13Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?
Ecclesiastes 11:9menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.
Isaiah 56:12Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.
Luke 9:25Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?
Acts 18:19Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo.
Acts 19:23Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a.