1 Corinthians 16:10
Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 19:22Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sèvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi.
1 Corinthians 4:17Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.
1 Corinthians 16:11Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo.
2 Corinthians 6:1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.
1 Thessalonians 3:2Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa,