1 Corinthians 16:13
Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.
Bib La
In The King James Version
Watch ye, stand fast in the faith, quit you like men, be strong.
In Context
14Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.
Cross References
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
1 Samuel 4:9Se pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n' goumen tankou vanyan gason!
1 Kings 2:2-Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!
1 Chronicles 28:10Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay!
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Daniel 11:32Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.