1 Corinthians 16:2
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:12Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
Genesis 30:30Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.
Genesis 33:11Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte.
Deuteronomy 15:11Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
Haggai 2:16ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn.
Mark 12:41Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan.