1 Corinthians 2:14
Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 13:11Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.
John 3:3Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
John 6:44Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
John 8:51Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.
John 10:26Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.
John 14:26Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.