1 Corinthians 2:3
Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.
Bib La
In The King James Version
And I was with you in weakness, and in fear, and in much trembling.
In Context
Cross References
Acts 17:1Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg.
Acts 18:1Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent.
Acts 18:12Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la,
1 Corinthians 4:10Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?
2 Corinthians 4:7Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
2 Corinthians 6:4Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere.