The Bible Software
bible.software › 1 Corinthians › 1 Corinthians 2 › 1 Corinthians 2:4

1 Corinthians 2:4

Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.

Bib La

In The King James Version

And my speech and my preaching was not with enticing words of man’s wisdom, but in demonstration of the Spirit and of power:

In Context

3Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.

5Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Read all of 1 Corinthians 2

Cross References

Judges 16:5Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (01.100) pyès lajan.

2 Samuel 15:2Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye,

2 Chronicles 18:19Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.

Proverbs 20:19Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.

Ezekiel 13:6Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre.

John 16:8Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Corinthians 2:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Corinthians 2:31 Corinthians 21 Corinthians 2:5 →