1 Corinthians 2:6
Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
Cross References
Job 12:19Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
Psalms 2:1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
Psalms 37:37Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
Isaiah 40:23Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
Matthew 13:22Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
Luke 16:8Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.