The Bible Software
bible.software › 1 Corinthians › 1 Corinthians 2 › 1 Corinthians 2:8

1 Corinthians 2:8

Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.

Bib La

In The King James Version

Which none of the princes of this world knew: for had they known it, they would not have crucified the Lord of glory.

In Context

7Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou.

9Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

Read all of 1 Corinthians 2

Cross References

Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.

John 3:19Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.

John 8:19Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou.

John 12:40Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.

John 16:3Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.

Acts 7:2Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Corinthians 2:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Corinthians 2:71 Corinthians 21 Corinthians 2:9 →