1 Corinthians 3:10
Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.
Cross References
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
Proverbs 12:8Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.
Daniel 12:3Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.
Matthew 7:24Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.
Luke 11:35Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa.
Acts 18:27Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou.