1 Corinthians 3:12
Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.
Bib La
In The King James Version
Now if any man build upon this foundation gold, silver, precious stones, wood, hay, stubble;
In Context
11Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.
Cross References
Psalms 19:10(019:11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.
Proverbs 8:10Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
Proverbs 30:6Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
Isaiah 60:17M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.
Matthew 15:6moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.
Romans 16:17M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.